Ki sa ki Konsomasyon an epi poukisa w bezwen li
Contents
Ki sa ki Konsomasyonedit
Konsomasyon se yon mo ki vle di<< fraz ke ou li oswa w tande>>. Nan kontras, Pwodiksyon se <<fraz ke w pale ou ekri>>.
La modèl de aprantisaj langedit
Eske w toutan renmen kònnen kijan li posib pou w pale natifnatal lang ou trè fasil? Ou vle di yon bagay (eksprime siyifikasyon) epi fraz kòrèk lan tou vin nan tèt ou. Tout pwosesis sa yo san konesans:bagay la jis parèt nan tèt ou. Ou ka di l oswa ou pakab, men ou pa konn ki kote l soti. Model sa pral esplike kijan li posib:
- Ou resevwa konsomasyon-ou li e tande fraz nan yon lang. Si w konprann fraz sa yo, li tou estoke nan sèvo w. Plis espesyalman, li estoke nan pati nan sèvo w ki responsib pou aprantisaj lang.
- Le'w vle di ou ekri yon bagay nan lang sa(le'w vle fè pwodiksyon), sèvo w kapab chèche pou yon fraz ke w te tande ou li deja-yon fraz ki gen mem sans ak sa w vle eksprime an.
Lè sa a, li imite fraz la(produi menm fraz lan ou youn parèy li) epi ou di fraz "ou" nan lang lan. Pwosesis sa san konesans: Sèvo w fè l otomatikman.
Kòmantè sou modèl saedit
Natirèlman, modèl sa tres senp. Sèvo w pa vrerman chèche pou tout fraz lan non, li pito chèche pou pati nan yon fraz. Li ka kreye fraz konplike e fraz long ki soti nan fraz sa yo. Donk li pa jis selman "imite" yon gren fraz chak fwa, li itilize anpil fraz menm fwa lap kreye fraz orijinal. Pa egzanp, li <<konnen>> ke li ka pran yon mo ki nan yon fraz li tande deja epi li ranplase l pou yon lot. Pa egzanp, si l tande <<The cat is under the table>>, li ka produi trè fasil <<The dog is under the table>> ou <<The book is under the chair.>>(S'il t tande tou non DOG, BOOK, e chèz). Li ka ranplase pli ke yon sèl mo, tankou nan <<The cat is under the big black table>>. Sèvo an ka fe transfòmasyon ki plis avanse. Si'w bay sèvo an twa fraz sa yo,
I like golf.
I like fishing for salmon.
Golf is relaxing.
li ka produi sa:
Fishing for salmon is relaxing.
La, yon fraz avèk yon vèb<<fishing for salmon>> te ranplase pou yon non regilye(Golf). Kòm yon rezilta, nou jwenn yon fraz orijinal ki pa sanble tròp a youn nan twa fraz konsomasyon an. Men konsiderasyon sa pa chanje lefèt ke plis enpòtan:sèvo an bezwen konsomasyon. Plis fraz kòrèk ke l konrappn li jwenn, plis fraz li ka imite e plis fraz pi bon li ka fe poukont li. Modèl aprantisaj lang ki dekri anlè a fondamantalman se la <<ipotèz konpreyansyon >>(ou "ipotèz konsomasyon") de pwofesè Stephen Krashen(Inivèsite de Kalifòni Sid) e li se yon pati nan "metòd natural" pou aprantisaj lang. Modèl lan dekri pwosesis yon timoun kap apran premye lang natifnatal li. Timoun nan tande paran e lòt moun, sèvo l kolekte fraz epi li vin pi bon nan produi fraz poukont li. Le vin gen 5 an, timoun nan deja ka pale kouran. Men menm modèl sa ka travay pou yon moun kap aprann yon lang etranje. An reyalite, nou kwe sa se sèl jan w ka apran yon lang trè byen.
Sa modèl sa vle di pou elèv k ap aprannedit
Men kisa ki plis enpotan nan modèl sa nan pwendvi aprantisaj lang etranje:
- Sèvo an produi fraz sou fraz li tande ou li we(konsomasyon). Donk jan pou w amelyore se pou w nouri sèvo w ak anpil konsomasyon-fraz kòrèk e fraz ou ka konprann(papye ekri e pale). Avan w ka komanse pale e ekri nan yon lang etranje, fok sèvo w jwenn ase fraz kòrèk nan lang sa.
- Pwodiksyon(Pale e ekri) mwens enpotan. Li pa yon jan pou w amelyore dwate w. An reyalite, ou dwe sonje ke w ka domaje angle w nan pwodiksyon bonè e enpridan.
- Ou pa bezwen règ de gramè. Ou t aprann premye lang ou san w pat etidye prepozisyon ou lot bagay. Ou ka aprann yon lot lang konsa tou.
Jan konsomasyon ka chanje angle wedit
Si w li kèk liv nan angle, wap we angle w ap vin pi bon. W ap komanse itilize nouvo vokabilè e gramè nan ekriti w. Wap sezi, men fraz angle yo ap jus vini konsa le w ap ekri ou pale!. Bagay tankou sot pase tansyon makè ou kijan pou itilize mo SINCE ap vin nomal pou ou. Wap itilize yo otomatikman san panse. Fraz kòrèk ap jis paret nan tet ou. Lap facil pou w itilze angle, paske sèvo w ap jis repete tout sa l li we plizyè fwa. Le w li yon liv nan angle, ou bay sèvo w dè milye de fraz angle. Yap jis yon pati nan ou. Kijan w ap ka fe yon erè tankou w pou di FEELED, si'w we fason kòrèk(FELT) lan 50 fwa nan dènye liv ou li an? Ou senpleman paka fe erè sa yo ankò. Wap we yon amelyorasyon sou tès angle w pwochen. Pa egzanp, nan yon kesyon chwa miltip, wap jis << santi >> ki repons ki kòrèk. Ou ka pa fin konnen poukisa li kòrèk(ou pap ka esplike l) men wap jis konnen li bon. Wap konnen paske ou t li li plizyè fwa. Sa se vre pou tout mo e fason gramè. Si'w li nan angle, ou met bliye règ gramè. Ou met tou voye jete liv gramè w lan! Ou pa bezwen kon règ yog. Ou pa menm bezwen konnen non règ yo. Olye, li kèk liv nan angle, epi byento apre sa wap santi ke "I have seen Paul yesterday" pa bon e Ï saw Paul yesterday" kòrèk. Kijan w fe konnen? Senp. Sèvo w we dezyèm fraz la 200 fwa e premye fraz lan 0 fwa.
Ou konnen diferans entre yon elèv k ap aprann e yon natifnatal oratè? natifnatal Oratè an santi ki sa ki kòrèk. Li ka we ou tande si yon fraz bon ou mal(anòmal) epi li pa bezwen gramè pou sa. Li ka fel paske li tande e li li anpil fraz angle nan la vi li. Sa se sèl deiferans entre yo mem-vale konsomasyon yo. Ou ka vin konsa tou si w jwenn anpil konsomasyon.
Kijan mwen we mwen se yon natifnatal oratèedit
Nan atik orijinal lan, seksyon sa pale de kijan otè an vin we kijan l te fò nan angle men li pap fe sans la paske angle se t premye lang mwen donk li pap fe sans poum pale de sa la. Otè an di le l t nan lekòl segondè le l t gentan kouran nan angle. Li tap li yon liv gramè ki t plenn fraz e kesyon tankou "when you should use BELOW and UNDER?"ou "what sorts of things can you express with the word MUST?". Pou sak pwoblem, te gen egzanp ki tap moutre jan w pou di yon bagay byen e jan anòmal lan e lot règ tankou "Use UNDER when something is covered or hidden by what is over it, and when things are touching". Le l tap gade nan liv lan e l we yon fraz ki pa kòrèk, li panse nan tèt li "Men sa pa fe sans; sa parèt dwol". Le l tap gade yon règ, li panse "oh oh m pat konnen t gen règ pou sa nn". Nan gade nan liv lan, li santi ke l pat konn tout règ yo men.. li pat bezwen yo. 'Li jus t ka gade fraz lan epi li konnen si l bon ou si l pa bon". Li t tankou yon natifnatal oratè de angle! Nan li liv, gade TV, tande radyo, li vin jwen anpil konsomasyon epi li vin gen sans angle a.
Plis infomasyonedit
- Komantè de moun ki aprann angle avèk siksè nan jann anpil konsomasyon: par exemple, Michal, moi, et lòt otè nan seksyon an « Successful English learners. » Vous pouvez également lire à propos de de cas intéressan nan youn etid syantifik de Stephen Krashen.